Dener Ceide

Dener Ceide naît à Cherettes, une localité de Saint-Louis du Sud en 1979. Artiste dans l’âme,

....

Li lèt demisyon Daniel Foote la an kreyòl

Li lèt demisyon Daniel Foote la an kreyòl

Share on facebook
Share on twitter
Share on linkedin
Share on whatsapp
nmprofetimg-65.png

Anvwaye espesyal Etazini an Ayiti mesye Daniel Foote demisyone

Sekretè Deta Bliken,

Se ak gwo desepsyon epi ekskiz pou tout moun k ap chache bon jan chanjman, mwen demisyone nan pozison m kòm Anvwaye Spesyal [Etazini] an Ayiti, yon demisyon ki valab imedyatman.

Mwen pap asosye m ak desizyon ki pa bay moun valè, desizyon ki pap bay rezilta Etazini pran pou depòte yon pakèt milye refijye Ayisyen ak imgran ilegal an Ayiti, yon peyi kote ofisyèl Ameriken yo se sekirize y ap sekirize lokal yo akoz danje pil gang ak zam ki kontwole peyi a chak jou.

Fason nou fè politik an Ayiti echwe nan tout sans, epi rekòmandasyon mwen fè yo, yo inyore yo epi yo mete yo sou kote, lè yo pa modifye yo pou rapòte yon istwa ki diferan de sa m rapòte.

Pèp Ayisyen an ki kwense nan lamizè, ki otaj zak teroris, kidnaping, vòl ak masak yon bann gang ak zam, epi k ap soufri anba yon gouvènman kòwonpi ki gen alyans ak gang, pa kabap sipòte yon bann imigran yo depòte ak fòs ki pa gen manje, ki pa gen lajan ak kote pou yo dòmi, san pa gen yon nouvo trajedi nou kapab evite.

Leta fayi sa a ki gen an Ayiti a pa kapab bay sekirite a sèvis de baz yo. Nan sans sa a, plis refijye pral alimante plis dezespwa ak krim. Toutotan n ap ajoute sou lamizè sa ki pa akseptab an Ayiti, kantite imigran Ayisyen k ap anvayi fwontyè nou an, ap vin pi plis.

Ayisyen yo bezwen asistans rapid pou pèmèt gouvènman an netralize gang yo, restore lòd gras ak polis nasyonal la. Yo bezwen yo vrè akò ant sosyete sivil la ak aktè politik yo, ak bourad kominote entènasyonal la, pou yo desine yon ajennda pou chwazi demokratikman pwochen prezidan an ak palmatè yo. Yo bezwen asistans imanitè, lajan pou bay vaksen kont Covid ak anpil lòt bagay.

Men sa zanmi Ayisyen nou yo vrèman bezwen, se chans pou yo defini desten yo, san kandida maryonèt ak yon seri moun kominote entènasyonal telegide; epi yon sipò ki sensè pou yo rive fè sa. M pa rete kwè Ayiti ap janm gen stabilite toutotan sitwayen l yo pa gen diyite pou yo vrèman chwazi moun yo vle ki pou dirije yo nan yon fason ki jis ak akseptab.

Semèn pase a, anbasad Etazini ak yon seri lòt anbasad nan Pòtoprens soti yon nòt piblik pou apiye premye minis defakto Doktè Ariel Henry ki pa soti nan eleksyon, kòm dirijan enterimè an Ayiti, epi yo kontinye ap voye monte « akò politik » li a sou yon lòt akò ki pi laj sosyete sivil la te travay pou kreye anvan sa a.

Ògèy nou genyen ki fè nou panse nou kapab chwazi -ankò- moun ki dwe genyen an, li empresyonan. Sik entèvansyon kominote entènasyonal la nan politik Ayiti a toujou bay rezilta tèt chaje. Plis move politik ap bay plis tèt chaje an Ayiti, men tou, Ozetazini ak nan tout rejyon an.

AyibopostAyibopost

La rédaction de Ayibopost

Télécharger l'application Android Uni fm 102.7