Ayisyen k ap viv ann Ayiti, èske nou panse eleksyon an ap fèt an desanm 2026 Vre?

Ayisyen k ap viv ann Ayiti, èske nou panse eleksyon an ap fèt an desanm 2026 Vre?

images (26)

Mwen poze kesyon sa a non pa paske mwen doute de otorite yo, men paske mwen pa vle nou fè rèv san nou pa gade reyalite a anfas. Gen anpil kondisyon ki poko reyini pou pèmèt eleksyon yo fèt nan bon jan kondisyon.

Premye bagay yon eleksyon bezwen se sekirite. Fòk sitwayen yo kapab deplase san kè sote. Fòk kandida yo kapab ale nan tout depatman, tout kominn ak nan katye popilè yo pou fè kanpay epi rankontre elektè yo.

Èske kondisyon sa yo deja reyini?

Èske tout wout yo ouvè epi machin kapab sikile libelibè nan peyi a? Èske kandida yo gen garanti sekirite pou yo kapab mennen kanpay yo nan diferan zòn?

Mezanmi, annou pa fè yon lòt 29 novanm 1987 ankò. Nou sonje masak Riyèl vayan ak lòt vyolans ki te make premye eleksyon demokratik yo apre diktati a. Istwa sa yo ta dwe fè nou reflechi anpil pou nou pa repete menm erè yo.

Mwen kwè Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak tout lòt otorite konsène yo konnen sa ki te pase nan listwa peyi a. Kesyon an se: Èske nou vle pèp ayisyen an viv yon lòt trajedi elektoral konsa ankò?

Antouka, Ayiti ak kominote entènasyonal la ap gade sa k ap pase. Tout je fikse sou peyi a pou wè nan ki direksyon n ap mennen l.

Jocelyn Perez
Pou Ayiti

Partager maintenant